Bib Sen An
Malachie 2
“Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou. Si nou 1pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè. Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.2 Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou 3akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo. “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.4 5Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te 6detounen anpil moun soti nan inikite. Paske lèv a yon prèt dwe gade 7konesans, e moun ta dwe 8chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo. Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun 9chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo. “Akoz sa 10Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin 11imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a. Èske se pa 12yon sèl papa nou genyen? 13Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo? Juda te aji nan 14enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te 15pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.16
“Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz 17Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm 18ak madanm jenès nou an, kont sila nou te 19aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache 20desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa 21aji an trèt kont madanm jenès li a. Youn ki rayi epi22divòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.
“Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: 23‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li 24pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”
Source notes (24)
- Cross-reference Lev 26:14,15
- Cross-reference Lev 26:16
- Cross-reference Nonb 3:11-13,45
- Cross-reference Nonb 25:7,8,13
- Cross-reference Sòm 119:142,151,160
- Cross-reference Jr 23:22
- Cross-reference Lev 10:11
- Cross-reference Nonb 27:21
- Cross-reference Jr 18:15
- Cross-reference Na 3:6
- Cross-reference Éz 7:26
- Cross-reference És 63:16
- Cross-reference Trav 17:24
- Cross-reference Jr 3:7-9
- Cross-reference Esd 9:1,2
- Cross-reference Jr 11:14
- Cross-reference Jr 11:14
- Cross-reference És 54:6
- Cross-reference Jr 9:2
- Cross-reference Rt 4:12
- Cross-reference Egz 20:14
- Cross-reference Det 24:1
- Cross-reference És 5:20
- Cross-reference Job 9:24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.