Bib Sen An
Malachie 3
“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va 2netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men se kilès k ap ka 3sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv. Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va 4pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati. Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon 5plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont 6wangatè yo, kont moun 7adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen 8pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt. Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. 9Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
“Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo.10 Nou vin 11modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 12Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap 13devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
“Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?14 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo 15chape.’”
Answit, sila ki te 16gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. “Konsa, yo va vin 17pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta 18fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” Konsa, nou va retounen pou nou 19 byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.
Source notes (19)
- Cross-reference Mat 11:10,14
- Cross-reference És 40:3
- Cross-reference És 33:14
- Cross-reference És 1:25
- Cross-reference Sòm 51:17-19
- Cross-reference Det 18:10
- Cross-reference Éz 22:9-11
- Cross-reference Nonb 23:19
- Cross-reference Za 1:3
- Cross-reference Né 13:11,12
- Cross-reference Mal 2:2
- Cross-reference Lev 27:30
- Cross-reference Jl 1:4
- Cross-reference És 58:3
- Cross-reference Jr 7:10
- Cross-reference Sòm 34:15
- Cross-reference És 43:1
- Cross-reference Sòm 103:13
- Cross-reference Jen 18:25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.