Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Malachie 4

“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.1 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, 2solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. Nou va 3foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè a,” pale SENYÈ dèzame yo. 4

“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.

“Gade byen, Mwen ap voye bannou 5Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. Li va 6tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin 7frape peyi a avèk yon malediksyon.”

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 21:9; És 9:18,19
  2. Cross-reference II Sam 23:4; Jr 30:17
  3. Cross-reference Job 40:12
  4. Cross-reference Det 4:23
  5. Cross-reference Mat 11:14
  6. Cross-reference Luc 1:17
  7. Cross-reference És 11:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.