Bib Sen An
Kantik A Kantik Yo 8
O ke ou te tankou frè m,
ki te souse nan tete a manman m.
Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;
nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
Mwen ta mennen ou e 1fè ou antre
lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.
Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti
nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
Kite 2men goch li rete anba tèt mwen
e men dwat li anbrase m.
“3Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,
pa fè lanmou a vin leve,
ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
Lòt Yo
Se 4ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,
k ap apiye sou cheri li a?”
Jenn Fi a
Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;
se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
Mete mwen tankou yon so sou kè ou,
tankou yon 5so sou bra ou.
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;
lè l pete se tankou dife k ap pete.
Vrèman se flanm SENYÈ a.
Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,
ni rivyè p ap ka inonde l. 6
Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,
sa ta konplètman meprize.
Frè Yo
Nou gen yon ti sè e li 7pa gen tete menm;
kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun
ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;
men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad
ak 8gwo planch bwa sèd.
Jenn Fi a
Mwen te yon miray e 9tete mwen te tankou fò yo;
konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;
Li te 10bay jerans chan rezen an a gadyen yo.
Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
Pwòp chan rezen mwen an se devan m;
mil sik ajan yo se pou ou, Salomon
ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
Salomon
O ou menm, ki chita nan jaden yo,
ansanm ak zanmi mwen yo,
kite m tande vwa ou.
Jenn Fi a
Annou pati, cheri mwen an!
Fè tankou yon antilòp,
oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.
Source notes (10)
- Cross-reference Kan 3:4
- Cross-reference Kan 2:6
- Cross-reference Kan 2:7
- Cross-reference Kan 3:6
- Cross-reference És 49:16
- Cross-reference Pwov 6:35
- Cross-reference Éz 16:7
- Cross-reference I Wa 6:15
- Cross-reference Éz 16:7
- Cross-reference Mat 21:33
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.