Bib Sen An
Ésaïe 1
Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak 1Ézéchias, wa Juda yo.
Koute O syèl yo e tande O latè;
paske SENYÈ a pale:
“Fis Mwen leve yo,
men yo 2fè rebèl kont Mwen.
Yon bèf konnen mèt li
e yon bourik manjwa a mèt li,
men Israël 3pa konsa.
Pèp Mwen an pa reflechi.”
Elas, yon nasyon plen peche,
yon pèp peze avèk inikite, 4
ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi!
Yo te abandone SENYÈ a;
yo te meprize Sila Ki Sen Israël la.
Yo te vire kite Li nèt!
Se kibò nou va pran so ankò? 5
Poukisa nou mache fè rebèl san rete?
Tout tèt la malad e tout kè a fèb. 6
Depi nan pla pye jis rive nan tèt,
nanpwen anyen ak sante ladann,
sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese.
Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil. 7
Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife.
Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou;
se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl
nan yon chan rezen,
tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb,
tankou yon vil ki anba syèj. 8
Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv,
nou t ap tankou Sodome,
nou t ap sanble ak Gomorrhe.
Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf 9Sodome yo;
bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a,
nou menm pèp Gomorrhe. 10
“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye
k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a.
Mwen fin resevwa kont ofrann brile
a belye ak grès a bèf gra yo.
Mwen pa pran plezi nan san towo yo,
jenn mouton, ni kabrit.
Lè nou vin 11parèt devan M,
kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;
lansan vin abominab devan M.
Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—
Mwen pa ka 12sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.
Yo vin yon gwo fado pou mwen.
Mwen 13fatige sipòte yo.
Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè,
Mwen va kache zye M de nou menm.
Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo.
Men nou kouvri ak san.
Lave nou pou nou vin pwòp;
retire zak malonèt nou yo devan zye M. 14
Sispann fè mechanste.
Aprann fè sa ki bon;
chache lajistis,
fè sekou oprime yo,
defann òfelen yo,
plede ka a vèv la.
“Alò, vini koulye a; 15annou rezone ansanm, di SENYÈ a:
“Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;
malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
Si nou vin dakò e obeyi,
nou va 16manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;
men si nou refize, e fè rebèl,
nou va devore pa nepe.”
Anverite, 17bouch SENYÈ a fin pale.”
Gade vil fidèl la vin devni yon 18pwostitiye!
Sila ki te konn plen ak jistis la!
Nan yon lè, ladwati te rete nan li,
men koulye a, se asasen yo ye.
Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim
e bwason ou vin mele ak dlo. 19
Chèf ou yo se rebèl yo ye
k ap fè zanmi parèy ak vòlè.
Se yo tout ki renmen resevwa
anba tab ak kouri dèyè benefis.
Yo pa defann òfelen an,
ni ka a vèv la pa rive devan yo.
Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo,
Toupwisan Israël la, deklare:
“Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo;
M ap 20pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
Mwen va vire men m kont nou
e Mwen va 21fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv,
pou l pa gen metal ki rete.
Mwen va restore 22jij nou yo tankou nan kòmansman an
ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a.
Apre sa, yo va rele nou vil ladwati,
yon vil ki fidèl.
Sion va 23rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.
Men transgresè ak pechè yo va 24kraze ansanm,
e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt.
Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo,
e nou va wont pou 25jaden ke nou te pito yo.
Paske nou va tankou yon bwadchenn ak 26fèy ki fennen,
oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm.
Sila ki pwisan an va devni retay pichpen.
Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife.
Konsa, y ap brile ansanm
e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”
Source notes (26)
- Cross-reference II Wa 18:1-20
- Cross-reference És 30:1-9
- Cross-reference Jr 9:3
- Cross-reference És 14:20
- Cross-reference És 31:6
- Cross-reference Job 2:7
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference Wo 9:29
- Cross-reference És 3:9
- Cross-reference Sòm 50:8
- Cross-reference Egz 23:17
- Cross-reference Jr 7:9-10
- Cross-reference És 7:13
- Cross-reference Jr 25:5
- Cross-reference És 41:1-21
- Cross-reference És 55:2
- Cross-reference És 40:5
- Cross-reference És 57:3-9
- Cross-reference Os 5:10
- Cross-reference Det 28:63
- Cross-reference Éz 22:19-22
- Cross-reference És 60:17
- Cross-reference És 35:9
- Cross-reference Sòm 9:5
- Cross-reference És 65:3
- Cross-reference És 64:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.