Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 2

Pawòl ke 1Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.

Alò, li va vin rive 2nan dènye jou yo,

ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.

Li va leve pi wo pase kolin yo,

e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.

Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:

Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,

lakay Bondye a Jacob la;

pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,

e pou nou kapab mache nan pa Li yo.

Paske lalwa a va sòti fè parèt 3soti nan Sion,

e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.

Li va jije pami nasyon yo,

e Li va rann desizyon pou anpil pèp.

Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,

ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.

Nasyon p ap leve nepe kont nasyon

e jis pou tout tan,

yo p ap vin aprann fè lagè ankò.

Vini lakay Jacob;

annou mache nan 4limyè SENYÈ a.

Paske ou te 5abandone pèp Ou a, lakay Jacob,

akoz yo plen ak jan de panse yo

ki sòti nan lès;

akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,

k ap antann yo ak pitit a etranje yo.

Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò

e pou richès yo, nanpwen fen.

Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,

e ak cha lagè yo, nanpwen fen.

Peyi yo anplis 6plen ak zidòl;

yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.

Pou sa, lòm vin imilye;

e limanite vin bese.

Konsa, 7pa padone yo.

Antre nan wòch,

e kache nan pousyè,

kont 8laperèz SENYÈ a,

kont mayifisans ak majeste li. 9

Ògèy a lòm va vin bese

e wotè a lòm va vin imilye.

E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.

Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman

kont nenpòt moun 10ki ògeye, e ki awogan;

nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.

Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,

e ki leve tèt yo wo,

kont tout 11chenn Basan yo.

Kont tout 12 mòn wo yo,

kont tout kolin ki leve wo yo,

Kont tout 13fò wo yo,

kont tout miray fòtifye yo,

Kont tout 14bato Tarsis yo,

kont tout sa ki bèl pou wè yo.

Ògèy a lòm va vin imilye

e wotè a lòm va vin desann.

Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.

Men 15zidòl yo va vin disparèt nèt.

Tout moun va 16antre nan kav pami wòch yo,

ak nan twou tè a,

devan gran laperèz SENYÈ a,

ak gwo bagay etonan de majeste Li,

lè Li leve pou fè tè a tranble.

Nan jou sa a, tout moun va 17jete deyò rat ak chòv-sourit,

zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,

ke yo te fè pou yo menm ta adore,

pou yo ka 18antre nan kav wòch

ak twou wòch nan falèz yo,

pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,

ak gwo bagay etonan a majeste Li a,

lè Li leve pou fè latè tranble.

Sispann mete konfyans nan lòm;

souf vi li se sèl nan nen l. 19

Kisa li vo?

Source notes (19)
  1. Cross-reference És 66:24
  2. Cross-reference Mi 4:1-3
  3. Cross-reference És 51:4-5
  4. Cross-reference És 60:1-20
  5. Cross-reference Det 31:17
  6. Cross-reference És 10:11
  7. Cross-reference Né 4:5
  8. Cross-reference II Tes 1:9
  9. Cross-reference És 5:15
  10. Cross-reference Job 40:11-12
  11. Cross-reference Za 11:2
  12. Cross-reference És 40:4
  13. Cross-reference És 25:12
  14. Cross-reference I Wa 10:22
  15. Cross-reference És 21:9
  16. Cross-reference És 2:10
  17. Cross-reference És 30:22
  18. Cross-reference És 2:19
  19. Cross-reference És 40:15-17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.