Bib Sen An
Ésaïe 3
Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va 1retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,
tout sa ki pou founi pen
e tout sa ki pou founi dlo; 2
Nonm pwisan an,
gèrye a,
jij ak pwofèt la,
divinò a ak ansyen an,
Kapitèn dè senkant yo,
nonm ki resevwa onè a,
konseye a,
atizan an,
ak sila ki fò nan fè wanga a.
Konsa, Mwen va fè 3senp tigason yo vin chèf sou yo,
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
Epi pèp la va 4oprime,
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
Lè yon nonm 5mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:
“Se pa mwen menm k ap 6geri nou an;
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;
pou yo 7fè rebèl kont prezans sen Li an.
Vizaj figi yo fè temwen kont yo,
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!
Paske yo 8mennen mal la vin tonbe sou yo.
Di a 9moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
Malè a mechan an!
Sa prale mal pou li.
Paske 10sa li merite a, se sa k ap rive li.
O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun
ak fanm ki gouvène sou yo.
O pèp Mwen an! 11Sila k ap gide ou yo, egare ou,
e konfonn direksyon chemen nou yo.
Se 12SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
SENYÈ a 13antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
Se kilès ki bannou dwa pou 14kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
Anplis SENYÈ a di: “Akoz 15fi a Sion yo ògeye,
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,
mache ak ti pa kout pou atire zye gason,
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, 16dekorasyon kwasan yo, zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 17dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, bag dwèt yo, 18zanno nen yo. Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,
ap gen move odè pouriti;
olye se sentiwon, ap gen yon kòd;
olye se 19cheve swa byen ranje,
ap gen yon tèt chòv;
olye se bèl vètman, ya mete twal sak;
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
Gason nou yo va 20tonbe devan nepe,
ak moun pwisan nou yo nan batay.
Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,
doulè ak dezolasyon nèt. Li va 21chita atè.
Source notes (21)
- Cross-reference Lev 26:26
- Cross-reference II Wa 24:14
- Cross-reference Ekl 10:16
- Cross-reference Mi 7:3-6
- Cross-reference És 4:1
- Cross-reference Éz 34:4
- Cross-reference És 65:3
- Cross-reference Pwov 8:36
- Cross-reference Det 28:1-14
- Cross-reference Det 28:15-68
- Cross-reference És 9:16
- Cross-reference És 66:16
- Cross-reference Job 22:4
- Cross-reference Sòm 94:5
- Cross-reference Kan 3:11
- Cross-reference Jij 8:21-26
- Cross-reference Egz 29:38
- Cross-reference Jen 24:47
- Cross-reference I Pi 3:3
- Cross-reference És 1:20
- Cross-reference Lam 2:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.