Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 4

Paske sèt fanm va kenbe 1yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”

Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou 2 lavi Jérusalem yo lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak 3lespri brile a. SENYÈ a va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon 4nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit lan, paske sou tout glwa a, va genyen yon kouvèti. Va gen 5abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

Source notes (5)
  1. Cross-reference Jen 30:23
  2. Cross-reference Egz 32:32
  3. Cross-reference És 1:31
  4. Cross-reference Egz 13:21-22
  5. Cross-reference Sòm 27:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.