Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 5

Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.

Byeneme m nan te gen yon 1chan rezen sou yon kolin byen fètil.

Li te fouye toupatou li,

retire wòch li yo,

e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. 2

Li te bati yon fò nan mitan l,

e te fouye yon basen diven ladann.

Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,

men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.

Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, 3

jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an. 4

Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja?

Poukisa lè M te atann a bon rezen yo,

li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?

Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:

Mwen va retire kloti li e li va brile;

Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.

Mwen va gaye gate l nèt.

Li p ap koupe ni sèkle ak wou,

men pikan ak zepin va vin leve nan li.

Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo

pou 5lapli pa tonbe ladann.

Paske 6chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,

e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.

Konsa, Li t ap chache jistis;

men olye sa Li te jwenn san vèse;

pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Anmwey”.

Malè a sila ki ogmante kay sou kay

ak chan a sou lòt chan,

jiskaske pa gen plas,

pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!

Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:

“Anverite, anpil kay va vin 7vid;

menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.

Paske kat ekta tèren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven

e yon 8omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”

Malè a sila ki leve granmaten yo

pou yo ka kouri dèyè 9 bwason fò,

sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.

Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;

men 10yo pa okipe zèv SENYÈ yo,

ni yo pa konsidere zèv men Li yo.

Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz 11mank konesans yo;

epi mesye ki gen onè yo

rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.

Pou sa, 12Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo

e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;

epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,

ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.

Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;

anplis, 13zye a ògeye a va vin febli nèt.

Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman

e Bondye sen an va montre 14sentete Li nan ladwati.

Konsa, 15jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj

e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.

Malè a sila ki rale 16inikite ak kòd manti,

e ki fè peche tankou se kòd kabwèt; 17

K ap di: “Kite Li fè vit,

kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè;

kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la

vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”

Malè a sila ki 18rele mal la bon,

ak bon an mal la;

sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,

ak limyè a kon tenèb la;

sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,

e sa ki dous kon anmè.

Malè a sila ki 19saj nan pwòp zye yo

e ki sipoze ke yo byen koken yo! 20

Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la

e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,

sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab

e ki 21rachte dwa a sila ki gen rezon yo!

Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo

e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,

konsa rasin yo va vin tankou pouriti,

e flè yo va vannen ale tankou pousyè;

paske yo fin 22rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,

e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.

Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,

Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.

Mòn yo te tranble

e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. 23

Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.

Konsa, Li va leve yon 24drapo a yon nasyon byen lwen

e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;

epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.

Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;

nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;

ni 25sentiwon nan senti li pa lage,

menm bretèl sandal li pa janm kase. 26

Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;

pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,

e wou cha li yo tankou toubiyon.

Kri 27gwonde li tankou yon lyon

e vwa li tankou jèn lyon;

li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an

e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.

Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.

Si yon moun anwò dlo 28ta gade vè latè;

men gade, tout fènwa ak gwo twoub.

Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.

Source notes (28)
  1. Cross-reference Sòm 80:8
  2. Cross-reference Jr 2:21
  3. Cross-reference Mat 21:40
  4. Cross-reference II Kwo 36:16
  5. Cross-reference I Wa 8:35
  6. Cross-reference Sòm 80:8-11
  7. Cross-reference Mat 23:38
  8. Cross-reference Éz 45:11
  9. Cross-reference Pwov 23:29-30
  10. Cross-reference Job 34:27
  11. Cross-reference És 1:3
  12. Cross-reference Pwov 30:16
  13. Cross-reference És 2:11
  14. Cross-reference És 8:13
  15. Cross-reference És 7:25
  16. Cross-reference És 59:4-8
  17. Cross-reference Éz 12:22
  18. Cross-reference Pwov 17:15
  19. Cross-reference Pwov 3:7
  20. Cross-reference Pwov 23:30
  21. Cross-reference Sòm 94:21
  22. Cross-reference És 8:6
  23. Cross-reference És 9:12-21
  24. Cross-reference És 13:2-3
  25. Cross-reference Job 12:18
  26. Cross-reference Sòm 7:12-13
  27. Cross-reference Jr 51:38
  28. Cross-reference És 8:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.