Bib Sen An
Ésaïe 6
Nan ane Wa Ozias te mouri an, 1mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. Serafen yo te kanpe pi wo Li, 2yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.
Youn te rele a yon lòt epi te di:
“Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; 3
tout latè plen ak glwa Li.”
Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan 4tanp lan te plen ak lafimen. Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak 5lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou 6lotèl la ak pensèt. Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi 7inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”
Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?”
Epi 8mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”
Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye 9koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’ 10
Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?”
Li te reponn:
“Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo,
kay yo vin san moun e peyi a fin dezole,
epi SENYÈ a fin 11retire moun yo byen lwen
e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a.
Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann,
li va osi manje nèt,
tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn
ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. 12
Konsa, Semans ki sen se chouk li.”
Source notes (12)
- Cross-reference Jn 12:41
- Cross-reference Rev 4:8
- Cross-reference Nonb 14:21
- Cross-reference Rev 15:8
- Cross-reference Egz 6:12-30
- Cross-reference Rev 8:3
- Cross-reference És 40:2
- Cross-reference Trav 26:19
- Cross-reference És 43:8
- Cross-reference Mat 13:15
- Cross-reference Det 28:64
- Cross-reference Det 7:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.