Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 7

Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo 1pa t ka genyen l. Lè rapò a te rive kote 2lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.

Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent 3kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk 4sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. Paske 5Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” Konsa pale Senyè BONDYE a: 6“Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” Paske tèt Syrie a se 7Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. 8Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’”

SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: “Mande yon 9sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.”

Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!”

Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a 10Bondye mwen an tou? Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon 11vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li 12Emmanuel. Li va manje 13bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, 14peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke 15Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.

Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan 16kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou 17ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.

Nan jou sa a, SENYÈ a va 18raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.

Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn 19gazèl bèf ak yon pè mouton. Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè 20bòl lèt ak siwo myèl la.

Konsa, li va rive nan jou sa a, ke 21tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou 22 pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference És 7:6-7
  2. Cross-reference És 7:13
  3. Cross-reference II Wa 18:17
  4. Cross-reference Am 4:11
  5. Cross-reference És 7:2
  6. Cross-reference És 8:10
  7. Cross-reference Jen 14:15
  8. Cross-reference II Kwo 20:20
  9. Cross-reference II Wa 19:29
  10. Cross-reference És 25:1
  11. Cross-reference Mat 1:23
  12. Cross-reference És 8:8-10
  13. Cross-reference És 7:22
  14. Cross-reference És 8:14
  15. Cross-reference I Wa 12:16
  16. Cross-reference És 13:5
  17. Cross-reference És 2:19
  18. Cross-reference II Wa 18:13-16
  19. Cross-reference És 14:30
  20. Cross-reference És 8:15
  21. Cross-reference És 5:10
  22. Cross-reference És 5:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.