Bib Sen An
Kantik A Kantik Yo 7
A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!
O 1fi a prens lan!
Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis.
Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;
vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis; 2
De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,
jimo a yon antilòp.
Kou ou se yon kou ivwa,
zye ou tankou sous dlo nan 3Hesbon yo
akote pòtay a Bath-Rabbim nan.
Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
Tèt ou kouwone ou tankou 4Mòn Carmel
e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.
Wa a kaptire pa très ou yo.
A la ou 5bèl e a la ou mèvèye,
ak tout bèlte ou yo!
Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis
e tete ou se grap li yo.
Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,
mwen va kenbe tij fwi li yo.”
O ke tete ou yo kapab tankou grap
ki pann sou chan rezen an,
e bon odè a 6souf ou tankou pòm,
Epi 7bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,
e koule dousman nan lèv a sila
ki tonbe nan dòmi yo.
Jenn Fi a
Mwen pou cheri mwen an
e 8dezi li se pou mwen.
Vini, cheri mwen an!
Annou pati ale nan chan yo
e fè lojman nan ti vil yo.
Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;
annou 9gade pou wè si chan rezen an
gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.
Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
Mandragò yo fin bay bèl odè;
epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,
ni nèf ni ansyen,
ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 45:13
- Cross-reference Kan 4:5
- Cross-reference Nonb 21:26
- Cross-reference És 35:2
- Cross-reference Kan 1:15-16
- Cross-reference Kan 2:5
- Cross-reference Kan 5:16
- Cross-reference Sòm 45:11
- Cross-reference Kan 6:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.