Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Kantik A Kantik Yo 6

Lòt yo

1

“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?

Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”

Jenn Fi a

Cheri mwen an te desann nan jaden li an,

nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,

pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,

pou ranmase flè 2lis.

Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;

sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

Salomon

Ou bèl, cheri mwen an, tankou 3Thirtsa;

bèl tankou Jérusalem,

mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.

Vire zye ou! Pa gade m!

Paske zye ou fè m egare. 4

Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad. 5

Dan ou tankou yon bann mouton

ki fenk monte sot benyen.

Yo tout ki pòtre marasa.

Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit. 6

De bò figi ou tankou yon tranch grenad

dèyè vwal ou.

Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,

e 7jèn fi menm pa kab konte;

Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;

li se sèl fi a manman li.

Fi san tach a sila ki te pote li a. 8

Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;

ni rèn ni konkibin yo.

Yo te louwe l pou di:

Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,

bèl tankou plèn lin nan,

san tach tankou 9solèy la,

e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?

Mwen te desann nan chan bwa nwa yo

pou wè bwa vèt yo nan vale a;

pou wè si chan rezen fin fè boujon,

oswa 10grenad yo te fleri.

Avan mwen te menm konnen,

dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.

Lòt Yo

Retounen, retounen, O Silamit lan; 11

retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!

Salomon

Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

Source notes (11)
  1. Cross-reference Kan 5:6
  2. Cross-reference Kan 2:1
  3. Cross-reference I Wa 14:17
  4. Cross-reference Kan 4:1
  5. Cross-reference Kan 4:2
  6. Cross-reference Kan 4:3
  7. Cross-reference Kan 1:3
  8. Cross-reference Jen 30:13
  9. Cross-reference Mat 17:2
  10. Cross-reference Kan 4:13
  11. Cross-reference Jij 21:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.