Bib Sen An
Kantik A Kantik Yo 3
Jenn Fi a
Sou kabann mwen, pandan nwit lan,
mwen te chache sila 1ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;
nan 2ri yo ak nan plas yo.
Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li. 3
Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.
Mwen te mande l: “Èske ou konn wè
sila ke nanm mwen renmen an?”
Lè m 4fenk kite yo mwen te jwenn
sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l
jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,
pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
M ap 5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou leve
ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
Se kisa k ap monte kite dezè a
tankou pilye lafimen yo,
byen pafime ak fèy bazilik ak 6lansan,
plen ak poud santi bon machann yo?
Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;
swasant òm pwisan kap antoure l,
mesye pwisan Israël yo.
Yo tout ki konn manyen nepe, 7
ki fò nan afè lagè;
chak mesye gen nepe l bò kote li,
pou fè gad kont menas lannwit yo.
Wa Salomon te fè pou kont li
yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.
Kote pou chita a fabrike ak twal mov,
e tout anndan li byen dekore pa 8fi Jérusalem yo.
Ale, O fi a Sion yo,
e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a
manman l te kouwone l nan 9jou fèt maryaj li,
nan jou kè kontan li an.
Source notes (9)
- Cross-reference Kan 1:7
- Cross-reference Jr 5:1
- Cross-reference Kan 5:7
- Cross-reference Pwov 8:17
- Cross-reference Kan 2:7
- Cross-reference Egz 30:34
- Cross-reference Jr 50:9
- Cross-reference Kan 1:5
- Cross-reference És 62:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.