Bib Sen An
Kantik A Kantik Yo 2
Jenn Fi a
Mwen se flè Woz Saron an,
flè Lis a vale yo.
Salomon
Tankou yon flè lis pami pikan yo,
se konsa 1cheri mwen an ye
pami tout jenn fi yo.
Jenn Fi a
Tankou yon 2pye pòm pami bwa nan forè,
se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.
Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;
konsa fwi li te dous nan gou m.
Li te mennen m nan gwo sal bankè li,
e 3drapo li monte sou mwen an se lanmou.
Ban m fòs ak 4 gato rezen,
rafrechi m ak pòm,
akoz mwen malad ak lanmou.
Kite men goch li rete anba tèt mwen
ak men dwat li pou l 5anbrase m.
M ap 6avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou m leve,
ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
Koute! Men cheri mwen an!
Men l ap vini!
L ap monte 7sou mòn yo,
epi vòltije sou kolin yo!
Cheri mwen an tankou yon 8antilòp,
oswa yon jenn sèf.
Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;
l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
Cheri mwen an te reponn mwen
e te di m: 9“Leve vini cheri mwen an,
pi bèl mwen an.
Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan chante a fin rive!
Vwa 10toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
Fwi 11pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
Salomon
O toutrèl nan 12fant wòch mwen an,
nan kote sekrè chemen ki monte apik,
kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!
Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt. 13
Kenbe rena yo pou nou,
ti rena k ap detwi chan rezen yo,
paske chan nou yo ap fè flè.
Jenn Fi a
Cheri mwen an se pa m,
e mwen se pa l.
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo. 14
Jiskaske joune a vin fè fre
lè lonbraj yo kouri ale;
vire, cheri mwen an,
fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.
Source notes (14)
- Cross-reference Kan 1:9
- Cross-reference Kan 8:5
- Cross-reference Sòm 20:5
- Cross-reference II Sam 6:19
- Cross-reference Pwov 4:8
- Cross-reference Kan 3:5
- Cross-reference Kan 2:17
- Cross-reference Pwov 6:5
- Cross-reference Kan 2:13
- Cross-reference Jen 15:9
- Cross-reference Mat 24:32
- Cross-reference Jr 48:28
- Cross-reference Éz 13:4
- Cross-reference Kan 4:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.