Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Kantik A Kantik Yo 1

Kantik A 1Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.

Jenn Fi a

Kite l bo m ak bo bouch li!

Paske 2lanmou ou bon pase diven.

Lwil pafen ou yo santi bon. 3

Non ou menm se tankou lwil kap vide;

se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.

Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!

Wa a mennen m nan chanm li yo.

Lòt Yo

“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;

nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.

Jenn Fi a

Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”

Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,

O fi a Jérusalem yo, tankou tant 4Kédar yo,

tankou rido a Salomon yo.

Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;

solèy la brile m konsa. 5

Fis a manman m yo te byen fache avè m;

Yo te fè m gadyen chan rezen yo.

Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.

Pale mwen, ou menm nan

ke nanm mwen tèlman renmen;

ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?

Ki kote ou konn fè l kouche a midi?

Paske poukisa mwen ta tankou yon moun

ki vwale figi li nan kote twoupo 6zanmi ou yo?

Salomon

Si ou menm, ou pa konnen,

O 7pi bèl pami tout fanm yo;

janbe swiv wout twoupo a,

e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo

akote tant bèje ou yo.

Pou mwen, cheri mwen an,

ou tankou 8 pi bèl poulich

pami sa kap rale cha Farawon an.

Bò figi ou byen bèl ak zanno,

kou ou ak 9bèl kolye.

Lòt Yo

Nou va fè pou ou dekorasyon an lò

anbeli ak pwent an ajan tou won.

Jenn Fi a

Pandan wa a te sou tab li, 10

pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.

Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; 11

fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.

Cheri mwen an se yon grap flè jasmen

byen plase nan chan rezen 12En-Guédi yo.

Salomon

“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! 13

Zye ou tankou toutrèl yo.”

Jenn Fi a

Gade jan ou bèl e byen agreyab, 14cheri mwen an;

anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.

Salomon

Pilye kay nou se 15bwa sèd

e travès yo se bwa pen.

Source notes (15)
  1. Cross-reference I Wa 4:32
  2. Cross-reference Kan 1:4
  3. Cross-reference Ekl 7:1
  4. Cross-reference És 60:7
  5. Cross-reference Sòm 69:8
  6. Cross-reference Kan 8:13
  7. Cross-reference Kan 5:9
  8. Cross-reference II Kwo 1:16-17
  9. Cross-reference Jen 24:53
  10. Cross-reference Kan 4:14
  11. Cross-reference Sòm 45:8
  12. Cross-reference I Sam 23:29
  13. Cross-reference Kan 4:1
  14. Cross-reference Kan 2:3-17
  15. Cross-reference I Wa 6:9-10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.