Bib Sen An
Eklezyas 12
Anplis, 1sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
Avan 2solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin 3koube a.
Lè sila k ap moulen yo rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va rete ba.
Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje k ap vini a.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan 4kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e 5bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote 6Bondye ki te bay li a. 7
“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje 8anpil pwovèb. Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri 9pawòl verite yo byen kòrèk. 10Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri 11anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. Konklizyon lè tout bagay fin tande se: 12Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. Paske 13Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.
Source notes (13)
- Cross-reference Det 8:18
- Cross-reference És 5:30
- Cross-reference Sòm 35:14
- Cross-reference Job 17:3
- Cross-reference Za 4:2-3
- Cross-reference Nonb 16:22
- Cross-reference Ekl 1:2
- Cross-reference I Wa 4:32
- Cross-reference Pwov 22:20
- Cross-reference Trav 2:37
- Cross-reference I Wa 4:32
- Cross-reference Ekl 3:14
- Cross-reference Ekl 3:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.