Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 11

1

Voye pen ou sou sifas dlo,

e apre anpil jou, ou va twouve l.

Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;

paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.

Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;

epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,

kote li tonbe a, se la l ap kouche.

Sila ki veye van an p ap simen;

ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

se konsa ou pa konnen zèv Bondye

ki fè tout bagay la.

Simen semans ou 2nan maten an;

ni pa gaspiye tan nan aswè.

Paske ou pa janm konnen si se nan maten

oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

ni si se pa tou de k ap bon.

Limyè a byen bèl,

e li bon pou zye 3wè solèy la.

Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

kite li rejwi li nan yo tout;

men pa kite l bliye 4jou tenèb yo, paske yo va anpil.

Tout sa ki gen pou vini se vanite.

Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

e kite kè ou rete kontan

pandan ane de laj jenès ou yo.

Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

men konnen byen ke Bondye

va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

pou l pa nan kè ou,

e fè 5mal rete lwen chè ou;

paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

Source notes (5)
  1. Cross-reference Det 15:10
  2. Cross-reference Ekl 9:10
  3. Cross-reference Ekl 6:5
  4. Cross-reference Ekl 12:1
  5. Cross-reference II Kor 7:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.