Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 10

Mouch mouri bay 1

lwil pafen yon move odè;

Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa

pou depase sajès ak respè.

Kè a yon moun saj mennen li adwat,

men 2kè a moun san konprann nan

mennen l agoch.

Menm lè ensanse a mache nan lari

li manke bon tèt.

Li 3montre tout moun ke

se moun fou li ye.

Si kòlè a wa a vin monte kont ou,

pa abandone pozisyon ou;

paske rete kalm ka evite gwo ofans.

Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 4Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. Mwen konn wè esklav ki 5monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 6Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!

Si sèpan an mòde 7avan li vin chame, nanpwen pwofi. 8Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen 9mechanste ak betiz. Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.

Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li 10sa ki va rive apre li. Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.

Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;

ak prens yo k ap fè fèt granmaten.

Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a

ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,

e non pou fè 11banbòch vin sou.

Akoz 12parès ak neglijans, twati a vin pann,

e nan enpridans kay la vin koule.

Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, 13

diven pou fè kè kontan;

epi lajan se repons pou tout bagay.

Anplis, nan chanm a kouche ou, pa 14bay wa a madichon;

e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.

Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,

e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Egz 30:25
  2. Cross-reference Mat 6:33
  3. Cross-reference Pwov 13:16
  4. Cross-reference Est 3:1-5
  5. Cross-reference Est 6:8-10
  6. Cross-reference Sòm 7:15
  7. Cross-reference Sòm 58:4-5
  8. Cross-reference Pwov 10:32
  9. Cross-reference Ekl 7:25
  10. Cross-reference Ekl 3:22
  11. Cross-reference Pwov 31:4
  12. Cross-reference Pwov 24:30-34
  13. Cross-reference Jij 9:13
  14. Cross-reference Egz 22:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.