Bib Sen An
Kantik A Kantik Yo 4
Salomon
A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl! 1
Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad. 2
Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
Lèv ou tankou 3fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou. 4
Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo. 5
De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo. 6
Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an. 7
Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
Vin avè m soti 8Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan 9kolye ou. 10
A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou 11bon odè Liban an.
Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki 12ansèkle.
Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, 13lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi 14dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Jenn Fi an
Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an
pou manje tout fwi chwa li yo.
Source notes (14)
- Cross-reference Kan 1:15
- Cross-reference Kan 6:6
- Cross-reference Jos 2:18
- Cross-reference Kan 7:4
- Cross-reference Kan 7:3
- Cross-reference Kan 2:17
- Cross-reference Kan 1:15
- Cross-reference I Wa 4:33
- Cross-reference Jen 41:42
- Cross-reference Kan 7:6
- Cross-reference Jen 27:27
- Cross-reference Jen 29:3
- Cross-reference Sòm 45:8
- Cross-reference Za 14:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.