Bib Sen An
Women Yo 14
Alò 1aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men 2sila ki fèb la manje sèlman legim. Sila ki manje a pa dwe 3meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe. 5
Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun 6vin byen konvenk nan konsyans pa li. Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. Paske pa gen youn nan nou ki 7viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. 8Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a. Pou rezon sa a 9Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab 10Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske 11nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. Paske sa ekri: 12
“Jan Mwen vivan an, di Senyè a,
tout jenou ap bese devan Mwen,
e tout lang ap bay lwanj a Bondye”.
Konsa 13nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
Konsa, annou 14pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou 15pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke 16pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, 17nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati 18lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. Donk konsa, nou 19pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men 20yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki 22pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. Men 23sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
Source notes (23)
- Cross-reference Trav 28:2
- Cross-reference Wo 14:1
- Cross-reference Luc 18:9
- Cross-reference Wo 9:20
- Cross-reference Gal 4:10
- Cross-reference Wo 4:21
- Cross-reference Wo 8:38
- Cross-reference Luc 20:38
- Cross-reference Rev 1:18
- Cross-reference Fil 2:11
- Cross-reference Wo 2:16
- Cross-reference És 45:23
- Cross-reference Mat 12:36
- Cross-reference Mat 7:1
- Cross-reference I Kwo 8:13
- Cross-reference Trav 10:15
- Cross-reference Ef 5:2
- Cross-reference Wo 15:13
- Cross-reference Sòm 34:14
- Cross-reference I Kwo 8:9-12
- Cross-reference I Kwo 8:13
- Cross-reference I Jn 3:21
- Cross-reference Wo 14:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.