Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Women Yo 13

Chak moun dwe 1obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. Paske 2sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon 3vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi 4akoz bon konsyans pa nou. Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. 5Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.

Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. Konsa 6“Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li akonpli nan pawòl sa a: 7“Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa 8lanmou toujou akonpli lalwa a.

Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou 9leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout 10zèv tenèb yo, e abiye nou ak 11pwotèj limyè a. Annou 12gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. Men 13abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Tit 3:1
  2. Cross-reference I Pi 2:14
  3. Cross-reference I Tes 4:6
  4. Cross-reference Ekl 8
  5. Cross-reference Mat 22:21
  6. Cross-reference Egz 20:13
  7. Cross-reference Lev 19:18
  8. Cross-reference Mat 7:12
  9. Cross-reference Mc 13:37
  10. Cross-reference Ef 5:11
  11. Cross-reference Ef 6:11,13
  12. Cross-reference I Tes 4:12
  13. Cross-reference Job 29:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.