Bib Sen An
Women Yo 12
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou 1prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa 2renouvèlman lespri nou, pou nou kapab 3pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou 4pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. Paske 5menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè 6yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. Akoz nou gen don ki 7pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; si se 8fè sèvis, nan sèvi moun, si se 9enstwi, nan enstwi, si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; 10si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
Se pou nou renmen 11san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 12Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. Pa fè bak nan dilijans, rete 13zele nan lespri nou, ak 14nan sèvis Senyè a, 15rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon 16pèsevere nan lapriyè. 17Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou 18pratike ospitalite. 19
Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. 20Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. 21Pa konprann ke se nou menm ki saj. 22Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. Si se posib, otan ke li depann de nou 23rete anpè avèk tout moun. Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: 24“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a. 25
“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
Source notes (25)
- Cross-reference Wo 6:13,19
- Cross-reference Ef 4:23
- Cross-reference Ef 5:10,17
- Cross-reference Wo 11:20
- Cross-reference I Kwo 12:12-14
- Cross-reference I Kwo 12:20,27
- Cross-reference Wo 12:3
- Cross-reference Trav 6:1
- Cross-reference Trav 13:1
- Cross-reference I Tim 5:17
- Cross-reference II Kwo 6:6
- Cross-reference Jn 13:34
- Cross-reference Trav 18:25
- Cross-reference Trav 20:19
- Cross-reference Wo 5:2
- Cross-reference Trav 5:14
- Cross-reference II Kwo 9:1
- Cross-reference Mat 25:35
- Cross-reference Mat 5:44
- Cross-reference Job 30:25
- Cross-reference Pwov 3:7
- Cross-reference Pwov 20:22
- Cross-reference Mc 9:50
- Cross-reference Det 32:35
- Cross-reference II Wa 6:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.