Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Women Yo 15

Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès 1sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. Ke chak en de nou 2fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. Paske 3menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: 4“Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” Paske 5tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an 6kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a 7Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

Konsa 8aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a 9sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a: 10

“Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo,

e mwen va chante Non Ou.”

Li di ankò: 11

“Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”

Epi ankò: 12

“Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!

Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”

Esaïe di ankò: 13

“Li va gen rasin Jessé a;

Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.

Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”

Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk 14tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz 15gras Bondye ke mwen resevwa a, pou m kapab yon 16sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou 17ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan 18bagay ki apatyen a Bondye. Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke 19Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, nan pouvwa sign ak mirak yo 20nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen 21pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, Men jan sa ekri a: 22

“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,

e sila ki pa tande yo va konprann”.

Pou rezon sa a byen souvan 23mwen anpeche vin kote nou. Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi 24anpil ane mwen anvi vin wè nou, nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab 25ede m fin rive la apre mwen fin 26rejwi de prezans nou pandan kèk tan. Men koulye a 27mwen prale Jérusalem pou 28sèvi fidèl yo. Paske legliz yo nan 29Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske 30si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. Konsa, lè m fin fè sa, e 31mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. Mwen konnen ke 32lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.

Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa 33lanmou Lespri a, pou 34fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou 35sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa 36volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. Pou koulye a 37ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.

Source notes (37)
  1. Cross-reference Wo 14:1
  2. Cross-reference I Kwo 9:22
  3. Cross-reference II Kwo 8:9
  4. Cross-reference Sòm 69:9
  5. Cross-reference Wo 4:23
  6. Cross-reference Wo 12:16
  7. Cross-reference Rev 1:6
  8. Cross-reference Wo 14:1
  9. Cross-reference Mat 15:24
  10. Cross-reference II Sam 22:50
  11. Cross-reference Det 32:43
  12. Cross-reference Sòm 117:1
  13. Cross-reference És 11:10
  14. Cross-reference I Kwo 1:5
  15. Cross-reference Wo 12:3
  16. Cross-reference Trav 9:15
  17. Cross-reference Wo 12:1
  18. Cross-reference Eb 2:17
  19. Cross-reference Trav 15:12
  20. Cross-reference Wo 15:13
  21. Cross-reference I Kwo 3:10
  22. Cross-reference És 52:15
  23. Cross-reference Wo 1:13
  24. Cross-reference Trav 19:21
  25. Cross-reference Trav 15:3
  26. Cross-reference Wo 1:12
  27. Cross-reference Trav 19:21
  28. Cross-reference Trav 24:17
  29. Cross-reference Trav 16:9
  30. Cross-reference I Kwo 9:11
  31. Cross-reference Jn 3:33
  32. Cross-reference Trav 19:21
  33. Cross-reference Kol 1:8
  34. Cross-reference I Kwo 1:11
  35. Cross-reference Wo 15:25
  36. Cross-reference Trav 18:21
  37. Cross-reference Wo 16:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.