Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 9

Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a 1fòs labim nan te bay a li menm. Li te ouvri labim nan, e 2lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan. 3

Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen 4so Bondye a parèt sou fon yo. Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon 5eskòpyon lè l pike yon moun.

Nan jou sa yo, 6moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.

Aparans a krikèt yo 7te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e 8dan yo te tankou dan lyon. Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan 9ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan 10senk mwa. Yo gen kòm wa sou yo, zanj 11labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon. 12

Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.

Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn 13lotèl an lò ki devan Bondye a. Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote 14gwo Larivyè Euphrate la.”

Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te 15lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. Kantite lame ki te sou cheval yo te 16de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.

Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak 17souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti 18nan bouch yo. Yon 19tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.

Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, 20pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni 21nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Luc 8:31
  2. Cross-reference Jen 19:28
  3. Cross-reference Egz 10:12-15
  4. Cross-reference Éz 9:4
  5. Cross-reference II Kwo 10:11,14
  6. Cross-reference Job 3:21
  7. Cross-reference Jl 2:4
  8. Cross-reference Jl 1:6
  9. Cross-reference Rev 9:19
  10. Cross-reference Rev 9:5
  11. Cross-reference Luc 8:31
  12. Cross-reference Rev 8:13
  13. Cross-reference Rev 8:3
  14. Cross-reference Jen 15:18
  15. Cross-reference Rev 20:7
  16. Cross-reference Rev 5:11
  17. Cross-reference Rev 9:18
  18. Cross-reference Rev 11:5
  19. Cross-reference Rev 8:7
  20. Cross-reference Rev 2:21
  21. Cross-reference És 47:9,12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.