Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 8

Lè Jèn Mouton an te ouvri 1setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.

Epi mwen te wè 2sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.

Yon lòt zanj te vin kanpe devan 3lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil 4lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. Konsa, 5lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.

Zanj lan te pran lansanswa a, li6plen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo 7kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè. 8Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.

Premye a te sone, epi te vin parèt 9lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.

Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan 10lanmè a te tounen san. Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan 11bato yo te detwi.

Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te 12tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak 13sous dlo yo. Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin 14anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

Katriyèm zanj lan te sone, epi yon 15tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.

Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan 16mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a 17sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Rev 5:1
  2. Cross-reference Rev 8:6-13
  3. Cross-reference Rev 6:9
  4. Cross-reference Rev 5:8
  5. Cross-reference Sòm 14:1,2
  6. Cross-reference Lev 16:12
  7. Cross-reference Egz 19:16
  8. Cross-reference Rev 8:2
  9. Cross-reference Egz 9:23
  10. Cross-reference Egz 7:17
  11. Cross-reference És 2:16
  12. Cross-reference És 14:12
  13. Cross-reference Rev 14:7
  14. Cross-reference Jr 9:15
  15. Cross-reference Egz 10:21
  16. Cross-reference Rev 14:6
  17. Cross-reference Rev 3:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.