Bib Sen An
Revelasyon 7
Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe 1kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk 2so a 3Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin 4sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou 5fon yo.” Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, 6san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan 7tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e 8devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: 9“Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
Konsa, tout zanj yo te kanpe 10toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. Yo t ap di: “Amen! 11Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an 12vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan 13san a Jèn Mouton an. Pou rezon sa a, 14yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi 15Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va 17bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e 18Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
Source notes (18)
- Cross-reference Jr 49:36
- Cross-reference Rev 7:3
- Cross-reference Mat 16:16
- Cross-reference Rev 7:3-8
- Cross-reference Éz 9:4,6
- Cross-reference Rev 14:1,3
- Cross-reference Rev 5:9
- Cross-reference Rev 22:3
- Cross-reference Sòm 3:8
- Cross-reference Rev 4:4
- Cross-reference Rev 5:12
- Cross-reference Rev 7:9
- Cross-reference Eb 9:14
- Cross-reference Rev 7:9
- Cross-reference Rev 4:9
- Cross-reference Sòm 121:5
- Cross-reference Sòm 23:1
- Cross-reference És 25:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.