Bib Sen An
Revelasyon 6
Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan 1sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”. Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon 2kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande 3dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!” Alò, yon lòt, 4yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l 5pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande 6twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l. Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan 7kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a 8katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”. Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non 9Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la 10nanm a sila yo yo te touye 11akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, 12sen e veritab, èske Ou va fè reta nan 13jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” Yo te ba yo chak 14yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, 15pou konplete kous pa yo.
Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. 16Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 17Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e 18tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
Alò, 19wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. Epi yo te 20di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila 21ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. Paske 22gran jou kòlè a gen tan vini, e 23kilès ki kapab kanpe?”
Source notes (23)
- Cross-reference Rev 5:1
- Cross-reference Za 6:11
- Cross-reference Rev 4:7
- Cross-reference Za 1:8
- Cross-reference Mat 10:34
- Cross-reference Rev 4:7
- Cross-reference Rev 4:6
- Cross-reference Rev 4:7
- Cross-reference Pwov 5:5
- Cross-reference Rev 20:4
- Cross-reference Rev 1:2,9
- Cross-reference Rev 3:7
- Cross-reference Det 32:43
- Cross-reference Rev 3:4,5
- Cross-reference Trav 20:24
- Cross-reference És 13:10
- Cross-reference Mat 24:29
- Cross-reference És 54:10
- Cross-reference És 2:10,19,21
- Cross-reference Os 10:8
- Cross-reference Rev 4:9
- Cross-reference Jl 2:11
- Cross-reference Mal 3:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.