Bib Sen An
Revelasyon 5
Mwen te wè nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan, yon 1liv ki te ekri pa anndan kou pa deyò, 2sele avèk sèt so.
Mwen te wè yon 3zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”
Men pèsòn 4nan syèl la, sou tè a, oubyen anba tè a pa t kapab ouvri liv la oubyen gade ladann.
Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann. Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon an 5ki sòti nan tribi Juda a, 6Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”
Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn ak7sèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a. Li te vini, Li te pran 8liv la nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan.
Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te 9priyè a sen yo. Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:
“Dign se Ou menm pou pran liv la,
e kase so li yo.
Paske Ou te touye,
e Ou te achte pou Bondye avèk
san Ou;
lèzòm 10de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
Ou te fè nou vin 11wa ak prèt yo
a Bondye nou an;
epi nou va 12renye sou tè a.”
Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, 13kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè 14miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se 15Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”
Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, 16benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.
Source notes (16)
- Cross-reference Éz 2:9,10
- Cross-reference És 29:11
- Cross-reference Rev 10:1
- Cross-reference Fil 2:10
- Cross-reference Eb 7:14
- Cross-reference Rev 22:16
- Cross-reference Za 3:9
- Cross-reference Rev 5:1
- Cross-reference Sòm 141:2
- Cross-reference Dan 3:4
- Cross-reference Rev 1:6
- Cross-reference Rev 20:4
- Cross-reference Rev 4:6
- Cross-reference Dan 4:10
- Cross-reference Jn 1:29
- Cross-reference Rev 1:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.