Bib Sen An
Revelasyon 4
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a 1te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: 2“Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
La menm, mwen te 3nan Lespri a. Epi gade byen, yon 4twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon 5lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. Ozanviwon de twòn lan se te 6venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè 7venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen 8sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan 9ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 10Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: 11“Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki 12chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, venn-kat ansyen yo 13tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te 14kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
Source notes (14)
- Cross-reference Rev 1:10
- Cross-reference Rev 11:12
- Cross-reference Rev 1:10
- Cross-reference I Wa 22:19
- Cross-reference Éz 1:28
- Cross-reference Rev 11:16
- Cross-reference Rev 4:10
- Cross-reference Egz 25:37
- Cross-reference Éz 1:18
- Cross-reference Éz 1:10
- Cross-reference És 6:3
- Cross-reference Sòm 47:8
- Cross-reference Rev 5:8,14
- Cross-reference Trav 14:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.