Bib Sen An
Revelasyon 10
Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon 1lakansyèl la te sou tèt li. 2Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
Li te gen nan men l, yon 3ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, 4tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, 5mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, 6te leve men dwat li vè syèl la, e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. 7Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, men nan jou vwa 8setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, 9mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo. 10
Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki 11kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: 12“Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan 13anpil pèp, nasyon, lang, ak 14wa.”
Source notes (14)
- Cross-reference Rev 4:3
- Cross-reference Rev 17:2
- Cross-reference Rev 5:1
- Cross-reference És 3:14
- Cross-reference Rev 1:11-19
- Cross-reference Det 32:40
- Cross-reference Egz 20:11
- Cross-reference Rev 11:15
- Cross-reference Am 3:7
- Cross-reference Rev 10:4
- Cross-reference Rev 10:2
- Cross-reference Jr 15:16
- Cross-reference Rev 5:9
- Cross-reference Rev 17:10,12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.