Bib Sen An
Revelasyon 11
Answit, yo te ban mwen yon 1gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske 2li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va 3foule vil sen an anba pye yo pandan karann-de mwa.
“Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk 4twal sak.” Sa yo se 5de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. Si yon moun vle fè yo mal, 6dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a. Sa yo gen pouvwa pou 7fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle. Lè yo fini temwayaj yo, 8bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele 9Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
Sila ki soti nan 10pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 11Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
Men apre twa jou edmi yo, 12souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: 13“Vin monte isit la.” Konsa yo te 14monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. 15Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
Venn-kat ansyen yo, ki 16chita sou twòn pa yo devan Bondye, te 17tonbe sou figi yo pou adore Bondye. E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, 18O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse 19renye. 20
“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.” 21
Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e 22lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
Source notes (22)
- Cross-reference Éz 40:3—42:20
- Cross-reference Luc 21:24
- Cross-reference Dan 7:25
- Cross-reference Jen 37:34
- Cross-reference Za 4:3,11,14
- Cross-reference II Wa 1:10-12
- Cross-reference I Wa 17:1
- Cross-reference Rev 13:1
- Cross-reference És 1:9,10
- Cross-reference Rev 5:9
- Cross-reference Rev 3:10
- Cross-reference Éz 37:5,9,10,14
- Cross-reference Rev 4:1
- Cross-reference II Wa 2:11
- Cross-reference Egz 15:18
- Cross-reference Mat 19:28
- Cross-reference Rev 4:10
- Cross-reference Rev 1:8
- Cross-reference Rev 19:6
- Cross-reference Sòm 2:1
- Cross-reference Rev 15:5
- Cross-reference Eb 9:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.