Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 12

Yon 1gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. Li te gwo ansent e te 2kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.

Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo 3dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. Konsa, ke li te 4baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te 5jete yo sou latè.

Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 6Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an. Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te 7gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasant jou.

Epi te gen lagè nan syèl la. 8Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk 9zanj pa li yo t ap fè lagè. Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. Gran dragon an te jete anba; 10sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske 11akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. Yo te venk li akoz 12san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.

“Pou rezon sa a, 13rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”

Alò, lè 14dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.

Men 15de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.

Konsa, 16sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. Donk, dragon an te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou 17fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Mat 24:30
  2. Cross-reference És 26:17
  3. Cross-reference És 27:1
  4. Cross-reference Rev 8:7,12
  5. Cross-reference Dan 8:10
  6. Cross-reference És 66:7
  7. Cross-reference Rev 11:3
  8. Cross-reference Dan 10:13,21
  9. Cross-reference Mat 25:41
  10. Cross-reference Jen 3:1
  11. Cross-reference Job 1:11
  12. Cross-reference Rev 7:14
  13. Cross-reference Sòm 96:11
  14. Cross-reference Rev 12:3
  15. Cross-reference Egz 19:4
  16. Cross-reference Jen 3:1
  17. Cross-reference Rev 11:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.