Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 1

Revelasyon a Jésus Kri, ke 1Bondye te bay Li pou 2montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, ki te temwaye 3pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo. 4

Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. 5Paske tan an pwòch.

Jean, a sèt legliz ki an 6Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan 7Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; e nan Jésus Kri, 8temwen fidèl la, 9premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— epi Li te fè nou vin yon 10Wayòm, prèt a 11Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen. 12

Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.

“Mwen se 13Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”

Mwen, Jean, frè nou, ki 14patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak 15pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.

Mwen te 16nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa 17tankou son a yon twonpèt, ki t ap di: 18“Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”

Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè 19sèt chandelye ki fèt an lò. Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. 20Zye li te tankou yon flanm dife. 21Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon 22nepe file de bò te sòti nan bouch Li. 23Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

Lè m te wè Li, mwen te 24tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se 25premye ak dènye a, e 26Sila ki viv la. 27Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

“Konsa, 28ekri 29bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a 30sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

Source notes (30)
  1. Cross-reference Jn 17:8
  2. Cross-reference Rev 22:6
  3. Cross-reference Rev 1:9
  4. Cross-reference Luc 11:28
  5. Cross-reference Rev 22:10
  6. Cross-reference Trav 2:9
  7. Cross-reference Rev 1:8
  8. Cross-reference Rev 3:14
  9. Cross-reference I Kor 15:20
  10. Cross-reference Rev 5:10
  11. Cross-reference Wo 15:6
  12. Cross-reference Dan 7:13
  13. Cross-reference Rev 21:6
  14. Cross-reference Trav 14:22
  15. Cross-reference I Tes 3:5
  16. Cross-reference Mat 22:43
  17. Cross-reference Rev 4:1
  18. Cross-reference Rev 1:19
  19. Cross-reference Egz 25:37
  20. Cross-reference Dan 7:9
  21. Cross-reference Esd 1:7
  22. Cross-reference És 49:2
  23. Cross-reference Mat 17:2
  24. Cross-reference Dan 8:17
  25. Cross-reference És 44:6
  26. Cross-reference Luc 24:5
  27. Cross-reference Rev 2:8
  28. Cross-reference Rev 1:11
  29. Cross-reference Rev 1:12-16
  30. Cross-reference Rev 1:4-11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.