Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jude 1

Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè a Jacques la, ekri a 1sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki 2konsève pou Jésus Kri.

Ke mizerikòd, lapè, ak lanmou kapab 3ogmante anvè nou.

Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou 4lite fò pou 5lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo. Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te 6fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi 7rejte sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.

Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a 8apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. Epi 9zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen 10anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te 11 pase nan pinisyon dife etènèl la.

Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo 12souye lachè a, rejte otorite a, epi meprize zanj majestik yo. Men 13lakanj Michel, lè li te defye dyab la, epi te dispite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di 14“Ke Bondye bay ou repwòch.” Men 15moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa ensten, kon bèt ki pa ka menm rezone, ke yo vin detwi.

Malè a yo! Paske yo ale 16menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te 17peri nan rebelyon Koré a.

Moun sa yo se resif yo k ap kache 18nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se 19nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 20volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran 21pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.

Epi selon sa yo tou 22Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye a moun sen pa Li yo, pou egzekite jijman sou tout, epi pou rannkont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke 23pechè san fwa yo te pale kont Li.”

Sa yo se 24moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fot, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale 25avèk awogans, flate moun, pou yo kapab gen yon avantaj.

Men nou, byeneme yo 26dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri ke yo t ap di a nou ke 27“Nan dènye tan yo, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.” Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun 28k ap reflechi kon lemonn, ki san Lespri a.

Men nou, byeneme yo 29an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou 30tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl. Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, sove lòt yo. 31Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk 32rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi 33fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, a 34sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

Source notes (34)
  1. Cross-reference Wo 1:6
  2. Cross-reference Jn 17:11
  3. Cross-reference I Pi 1:2
  4. Cross-reference I Tim 6:12
  5. Cross-reference Trav 6:7
  6. Cross-reference I Pi 2:8
  7. Cross-reference I Tim 2:12
  8. Cross-reference Egz 12:51
  9. Cross-reference II Pi 2:4
  10. Cross-reference II Pi 2:9
  11. Cross-reference Mat 25:41
  12. Cross-reference II Pi 2:10
  13. Cross-reference II Pi 2:11
  14. Cross-reference Za 3:2
  15. Cross-reference II Pi 2:12
  16. Cross-reference Jen 4:3-8
  17. Cross-reference Nonb 16:1-3,31-35
  18. Cross-reference I Kor 11:20
  19. Cross-reference Pwov 25:14
  20. Cross-reference És 57:20
  21. Cross-reference II Pi 2:17
  22. Cross-reference Jen 5:18,21
  23. Cross-reference I Tim 1:9
  24. Cross-reference Nonb 16:11,41
  25. Cross-reference II Pi 2:18
  26. Cross-reference II Pi 3:2
  27. Cross-reference Trav 20:29
  28. Cross-reference I Kor 2:1
  29. Cross-reference Kol 2:7
  30. Cross-reference Tit 2:13
  31. Cross-reference Am 4:11
  32. Cross-reference Za 3:3
  33. Cross-reference II Kor 4:14
  34. Cross-reference Jn 5:44

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.