Bib Sen An
III Jean 1
Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen 1renmen an verite.
Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. Paske mwen te 2tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 3Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se 4moun ou pa rekonèt yo. Yo pote temwayaj lanmou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan 5ki gen merit devan Bondye. Paske yo te sòti pou kòz a 6Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo. Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.
Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe 7ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale a.
Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa 8li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi 9mete yo deyò legliz la.
Zanmi mwen yo 10pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
Démétrius te resevwa yon bon temwayaj a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwayaj nou sou sa, epi 11ou konnen ke temwayaj nou vrè. 12
Mwen te gen anpil bagay pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; men 13mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fasafas.
Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.
Source notes (13)
- Cross-reference I Jn 3:18
- Cross-reference II Jn 4
- Cross-reference III Jn 3
- Cross-reference Wo 12:13
- Cross-reference Kol 1:10
- Cross-reference Jn 15:21
- Cross-reference II Jn 9
- Cross-reference II Jn 10
- Cross-reference Jn 9:34
- Cross-reference Sòm 34:14
- Cross-reference Jn 19:35
- Cross-reference II Jn 12
- Cross-reference Jn 10:3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.