Bib Sen An
II Jean 1
Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki 1konnen laverite yo, pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va 2avèk nou jis pou tout tan: 3Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lanmou. 4
Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.
Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, 5pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. Men 6sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li 7depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.
Paske 8anpil sediktè 9gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.
Veye nou menm 10pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.
Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki 11pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, 12pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, paske sila ki salye li a 13patisipe nan zak malveyan li yo. 14
Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.
Pitit a 15sè chwazi yo salye nou. Amen
Source notes (15)
- Cross-reference Jn 8:32
- Cross-reference Jn 14:16
- Cross-reference Wo 1:17
- Cross-reference Jn 3:3
- Cross-reference I Jn 2:7
- Cross-reference I Jn 5:3
- Cross-reference I Jn 2:7
- Cross-reference I Jn 2:26
- Cross-reference I Jn 2:19
- Cross-reference I Kor 3:8
- Cross-reference Jn 7:16
- Cross-reference I Wa 13:16
- Cross-reference Ef 5:11
- Cross-reference III Jn 13,14
- Cross-reference II Jn 1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.