Bib Sen An
I Jean 5
Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.
Men konsa nou konnen ke 1nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. Paske 2se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
Paske nenpòt moun ki ne de Bondye 3ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki 4kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
Se Sila ki vini pa dlo ak san an, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwayaj la, akoz se Lespri a ki verite. Paske gen 5twa ki bay temwayaj; Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo an akò kon yon sèl. 6
Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a. Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan 7gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.
Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou 8lavi etènèl la, epi 9lavi sila se nan Fis Li a. 10Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi. 11
Bagay sa yo mwen ekri a nou ki 12kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
Sa se 13konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò 14li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. 15Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 16Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
Nou konnen ke 17okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi 18mechan an p ap touche li.
Nou konnen ke 19nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.
Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te 20bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.
Timoun yo, veye nou kont 21zidòl yo.
Source notes (21)
- Cross-reference I Jn 3:14
- Cross-reference Jn 14:15
- Cross-reference I Jn 2:13
- Cross-reference I Jn 4:15
- Cross-reference Mat 18:16
- Cross-reference Jn 5:34,37
- Cross-reference Wo 8:16
- Cross-reference I Jn 1:2
- Cross-reference Jn 1:4
- Cross-reference Jn 3:15,36
- Cross-reference Jn 20:31
- Cross-reference I Jn 3:23
- Cross-reference I Jn 2:28
- Cross-reference Jc 5:15
- Cross-reference Jr 7:16
- Cross-reference I Jn 3:4
- Cross-reference I Jn 3:9
- Cross-reference I Jn 2:13
- Cross-reference I Jn 4:6
- Cross-reference Luc 24:45
- Cross-reference I Kor 10:7,14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.