Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Jean 4

Byeneme yo, pa kwè tout 1lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: 2chak lespri ki 3konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: Epi chak lespri ki 4pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi 5koulye a ki deja nan lemonn lan.

Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te 6venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase 7li ki nan lemonn nan. 8Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.

Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.

Byeneme yo, kite nou 9renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske 10Bondye se lanmou.

Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke 11Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.

Men lanmou an; 12pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, 13nou osi dwe renmen youn ak lòt. 14

Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou. 15

Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.

Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te 16voye Fis la kòm Sovè lemonn nan. Nenpòt moun ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye. Epi 17nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou. 18

Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen 19konfyans nan 20jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

Pa gen lakrent nan lanmou; men 21lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou. 22

Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li 23rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 24Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Jr 29:8
  2. Cross-reference I Kor 12:3
  3. Cross-reference I Jn 2:23
  4. Cross-reference I Jn 2:22
  5. Cross-reference II Tes 2:3-7
  6. Cross-reference I Jn 2:13
  7. Cross-reference Jn 12:31
  8. Cross-reference Jn 15:19
  9. Cross-reference I Jn 3:11
  10. Cross-reference Jn 4:7,16
  11. Cross-reference Jn 3:16
  12. Cross-reference Wo 5:8,10
  13. Cross-reference I Jn 4:7
  14. Cross-reference Jn 1:18
  15. Cross-reference Wo 8:9
  16. Cross-reference Jn 3:17
  17. Cross-reference Jn 6:69
  18. Cross-reference I Jn 4:7,8
  19. Cross-reference I Jn 2:28
  20. Cross-reference Mat 10:15
  21. Cross-reference Wo 8:15
  22. Cross-reference I Jn 4:10
  23. Cross-reference I Jn 2:9,11
  24. Cross-reference Lev 19:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.