Bib Sen An
I Jean 3
Gade 1ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele 2timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke 3lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va 4wè Li menm jan ke Li ye a. Epi tout moun ki gen 5espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. 6Peche a se transgresyon lalwa. Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab 7retire peche yo, epi 8nan Li pa gen peche. Okenn moun ki rete nan Li 9pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
Timoun yo, pa kite pèsòn 10twonpe nou. 11Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. Men sila ki pratike peche a se 12dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
Nanpwen pèsòn ki 13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. Konsa, konnen ke 14pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen 15frè li a.
Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an 16ke nou dwe renmen youn lòt. Pa kon 17Caïn, ki te apatyen a 18mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
Pa etone, frè yo, si 19lemonn rayi nou.
Nou konnen ke nou 20kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
Nenpòt moun ki 21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
Men konsa nou rekonèt lanmou; ke 22Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. Men 23nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi 24sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan 25verite.
Nou va rekonèt konsa ke nou 26nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen 27konfyans devan Bondye. Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou 28kenbe kòmandman Li yo, epi fè 29bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
Men sa se kòmandman Li, ke nou 30kwè nan 31non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
Sila a ki 32kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke 33Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
Source notes (33)
- Cross-reference Jn 3:16
- Cross-reference Jn 1:12
- Cross-reference Wo 8:29
- Cross-reference Jn 17:24
- Cross-reference Wo 15:12
- Cross-reference Wo 4:15
- Cross-reference Jn 1:29
- Cross-reference II Kor 5:21
- Cross-reference I Jn 3:9
- Cross-reference I Jn 2:26
- Cross-reference I Jn 2:29
- Cross-reference Jn 8:44
- Cross-reference Jn 1:13
- Cross-reference Jn 1:12
- Cross-reference I Jn 2:9
- Cross-reference Jn 15:12
- Cross-reference Jen 4:8
- Cross-reference I Jn 2:13
- Cross-reference Jn 15:18
- Cross-reference Jn 5:24
- Cross-reference Mat 5:21
- Cross-reference Jn 10:11
- Cross-reference Jc 2:15
- Cross-reference Det 15:7
- Cross-reference II Jn 1
- Cross-reference I Jn 2:21
- Cross-reference I Jn 2:28
- Cross-reference I Jn 2:3
- Cross-reference Jn 8:29
- Cross-reference Jn 6:29
- Cross-reference Jn 1:12
- Cross-reference I Jn 2:3
- Cross-reference I Jn 2:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.