Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Jean 2

Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche 1nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men 2pou tout lemonn lan.

Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou 3kenbe kòmandman Li yo. Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon 4mantè, epi 5laverite a pa nan li. Men nenpòt ki 6kenbe pawòl Li, nan li 7lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: Sila ki di ke l ap 8reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen 9depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl ke nou te tande depi kòmansman an. Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske 10tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. Sila ki di ke li nan limyè a, men 11rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 12Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la 13fin fè l avèg.

M ap ekri nou, timoun yo, paske 14peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jennonm yo, paske 15nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou timoun yo, paske nou konnen Papa a. Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li 16ki te la depi kòmansman an. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou 17gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan an.

Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. 18Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. Paske tout sa ki nan lemonn 19lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 20Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke 21antikris la ap vini 22menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 23Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.

Men nou menm gen onksyon an ki sòti nan 24Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa. Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men 25paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm 26sòti nan laverite a. Kilès k ap manti, sòf ke 27li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 28Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.

Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou 29va osi rete nan Fis la, ak Papa a. Epi 30sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.

Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye 31pase nou nan desepsyon. Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li 32enstwi nou nan tout bagay. 33Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li. Epi koulye a, timoun yo, rete nan Li, jis pou lè L 34vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. Si nou konnen ke 35Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati ne de Li.

Source notes (35)
  1. Cross-reference Wo 8:34; Jn 14:16
  2. Cross-reference Jn 4:42
  3. Cross-reference Jn 14:15
  4. Cross-reference I Jn 1:6
  5. Cross-reference I Jn 1:8
  6. Cross-reference Jn 14:23
  7. Cross-reference I Jn 4:12
  8. Cross-reference Jn 15:4
  9. Cross-reference I Jn 2:24
  10. Cross-reference Wo 13:12; Jn 1:9
  11. Cross-reference I Jn 2:11
  12. Cross-reference Jn 11:9
  13. Cross-reference II Kor 4:4
  14. Cross-reference Trav 13:38
  15. Cross-reference Jn 16:33
  16. Cross-reference I Jn 1:1
  17. Cross-reference Ef 6:10
  18. Cross-reference Jc 4:4
  19. Cross-reference Wo 13:14
  20. Cross-reference I Kor 7:31
  21. Cross-reference Mat 24:5,24
  22. Cross-reference Mc 13:22
  23. Cross-reference Trav 20:30
  24. Cross-reference Mc 1:24
  25. Cross-reference Jc 1:19
  26. Cross-reference Jn 8:44
  27. Cross-reference I Jn 4:3
  28. Cross-reference Jn 8:19
  29. Cross-reference Jn 14:23
  30. Cross-reference Jn 3:15
  31. Cross-reference I Jn 3:7
  32. Cross-reference Jn 14:26
  33. Cross-reference Jn 14:17
  34. Cross-reference I Jn 3:2; Mc 8:38
  35. Cross-reference Jn 7:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.