Bib Sen An
I Jean 1
Sa ki te ye 1depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou 2te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; epi 3lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm 4lavi etènèl la, ki te avèk Papa a, epi te fè parèt byen klè a nou.
Sa ke nou te wè epi 5tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen 6kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. Epi 7bagay sa yo nou ekri, pou 8lajwa nou kapab vin konplèt.
Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke 9Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou. 10
Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou 11manti epi pa pratike laverite a. Men si nou 12mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.13 14
Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi 15laverite a pa nan nou. 16Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
Epi 17si nou di ke nou pa peche, nou 18fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.
Source notes (18)
- Cross-reference Jn 1:1
- Cross-reference II Pi 1:16
- Cross-reference Jn 1:4
- Cross-reference Jn 10:28
- Cross-reference Trav 4:20
- Cross-reference Jn 17:3,21
- Cross-reference I Jn 2:1
- Cross-reference Jn 3:29
- Cross-reference I Tim 6:16
- Cross-reference Jn 8:12
- Cross-reference I Jn 2:4
- Cross-reference Esd 2:5
- Cross-reference I Tim 6:16
- Cross-reference Job 15:14
- Cross-reference Jn 8:44
- Cross-reference Sòm 32:5
- Cross-reference Job 15:14
- Cross-reference I Jn 5:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.