Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Pierre 3

Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye 1kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, pou nou kab 2sonje pawòl ki te pale oparavan pa 3pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.

Konnen sa dabò, ke 4nan dènye jou yo 5mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, epi yo va di: 6“Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin 7mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”

Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te 8fòme avèk dlo e pa dlo. Pa dlo sa a 9mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. Men, pa pawòl Li 10syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk 11dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.

Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou 12mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 13Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li 14pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

Men 15jou a Senyè a 16va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.

Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè 17syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! Men selon 18pwomès Li, n ap chache 19syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè 20san tach e san fot. Konsidere 21pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. 22Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.

Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. Men grandi nan lagras ak konesans 23Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.

A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.

Source notes (23)
  1. Cross-reference II Pi 1:13
  2. Cross-reference Jd 17
  3. Cross-reference Luc 1:70
  4. Cross-reference I Tim 4:1
  5. Cross-reference Jd 18
  6. Cross-reference Mal 2:17
  7. Cross-reference Trav 7:60
  8. Cross-reference Sòm 24:2
  9. Cross-reference II Pi 2:5; Jen 7:11
  10. Cross-reference II Pi 3:10,12
  11. Cross-reference És 66:15
  12. Cross-reference Sòm 90:4
  13. Cross-reference Hab 2:3
  14. Cross-reference I Tim 2:4
  15. Cross-reference I Kor 1:8
  16. Cross-reference I Tes 5:2
  17. Cross-reference II Pi 3:7,10
  18. Cross-reference És 65:17
  19. Cross-reference Wo 8:21
  20. Cross-reference Fil 2:15
  21. Cross-reference II Pi 3:9; Trav 15:25
  22. Cross-reference Eb 5:11
  23. Cross-reference II Pi 2:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.