Bib Sen An
II Pierre 2
Men 1fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. Anpil va swiv 2vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va 3meprize. Epi nan 4vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. Paske 5si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; epi pa t epagne 6ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, epi si Li te 7kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; epi si li te 8delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, (paske pa sa ke li te wè e tande 9nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) 10Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki 11meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo, 12malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a. Men 13sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo.
Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou 14fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi 15nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. Nan abandone 16bon chemen an, yo vin egare pou swiv 17chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske 18yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.
Sa yo se 19sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt 20pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. Paske nan pale fò avèk 21awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske 22sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte 23dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 24Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te 25livre a yo menm nan. Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: 26“Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
Source notes (26)
- Cross-reference Det 13:1
- Cross-reference Jen 19:5
- Cross-reference Wo 2:24
- Cross-reference I Tim 6:5; Det 32:35
- Cross-reference Jd 1:6
- Cross-reference Egz 26:20
- Cross-reference Jen 19:24
- Cross-reference Jen 19:24
- Cross-reference Eb 11:4
- Cross-reference I Kor 10:13
- Cross-reference Egz 22:28
- Cross-reference Jd 9
- Cross-reference Jd 10
- Cross-reference Wo 13:13
- Cross-reference Jc 1:8
- Cross-reference Trav 13:10
- Cross-reference Nonb 22:5,7
- Cross-reference Nonb 22:21,23,28,30
- Cross-reference Jd 12
- Cross-reference Jd 13
- Cross-reference Jd 16
- Cross-reference Jn 8:34
- Cross-reference Mat 12:45
- Cross-reference Éz 18:24
- Cross-reference Jd 3
- Cross-reference Pwov 26:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.