Bib Sen An
II Pierre 1
Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa 1yon lafwa menm jan ak nou yo, pa 2ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan 3konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te 4rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. Paske pa sila yo, Li te bannou 5pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin 6patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete 7konesans. Sou konesans nou, mete 8bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete 9pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan 10bonte fratènèl nou, mete lanmou.
Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni 11san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. Paske, sila ki manke kalite sa yo 12avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de 13chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va 14toujou disponib a nou menm an abondans.
Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan 15verite ki deja la avèk nou an. Paske mwen konsidere li bon, toutotan mwen ap demere nan kay tèrès sila a, pou vire memwa nou pou fè nou sonje, avèk konesans ke moman pou 16mete akote kay tèrès mwen an toupre kòm osi Jésus Kri te fè m byen konprann nan. Konsa, mwen va osi fè dilijans pou nenpòt lè m 17fin ale, nou kapab toujou sonje bagay sa yo.
Paske nou pa t swiv 18vye listwa koken lè nou te fè nou konnen 19pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li. Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon 20pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.” Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou 21mòn sen an.
Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon 22lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e 23zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
Men konnen sa davans, ke 24nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. Paske 25okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
Source notes (25)
- Cross-reference Wo 1:12
- Cross-reference Wo 3:21-26
- Cross-reference Jn 17:3
- Cross-reference I Tes 2:12
- Cross-reference II Pi 3:9,13
- Cross-reference I Jn 3:2
- Cross-reference Kol 2:3
- Cross-reference Trav 24:25
- Cross-reference Luc 21:19
- Cross-reference Wo 12:10
- Cross-reference Kol 1:10
- Cross-reference I Jn 2:11
- Cross-reference Wo 11:29; I Tes 1:4
- Cross-reference Wo 2:4
- Cross-reference Kol 1:5
- Cross-reference II Tim 4:6; Jn 21:19
- Cross-reference Luc 9:31
- Cross-reference I Tim 1:4
- Cross-reference Mc 13:26
- Cross-reference Mat 17:5
- Cross-reference Egz 3:5
- Cross-reference Sòm 119:105
- Cross-reference Rev 22:16
- Cross-reference Wo 12:6
- Cross-reference Jr 23:26
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.