Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Pierre 5

Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon 1temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, se pou nou vin bèje 2a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo 3pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. Ni se pa tankou 4kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. Epi lè Chèf 5Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.

Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk 6imilite youn anvè lòt, paske: 7“Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.

Konsa 8desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

Lage tout 9tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou. 10

Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.11

Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, 12Bondye a tout gras 13ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

Avèk èd 14Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen 15ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vre gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!

Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an 16Marc tou.

Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.17

Source notes (17)
  1. Cross-reference Luc 24:48; I Pi 1:5
  2. Cross-reference Jn 21:16
  3. Cross-reference Phm 14
  4. Cross-reference Éz 34:4
  5. Cross-reference I Pi 2:25
  6. Cross-reference I Pi 3:8
  7. Cross-reference Pwov 3:34
  8. Cross-reference Mat 23:12
  9. Cross-reference Sòm 55:22
  10. Cross-reference I Pi 1:13; Mat 24:42
  11. Cross-reference Jc 4:7
  12. Cross-reference I Pi 1:6
  13. Cross-reference I Kor 1:9
  14. Cross-reference II Kor 1:19
  15. Cross-reference Eb 13:22
  16. Cross-reference Trav 12:12,25
  17. Cross-reference Wo 16:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.