Bib Sen An
Revelasyon 2
“A zanj nan legliz 1Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:
“Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 2 Nou gen pèseverans ak andirans 3pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou 4kite premye lanmou nou an. Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi 5repanti e 6fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti. Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv 7Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan 8pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
“A zanj legliz Smyrne lan, ekri: 9Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a: Mwen konnen 10tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.
“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. 11Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa 12dezyèm lanmò a.
“A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen 13nepe file de bò a, di sa a:
Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, 14temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.
“Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, 15pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral. Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman 16Nikolayityen yo.
“Konsa, 17repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk 18nepe a bouch Mwen an.
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la 19ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.
“A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, 20ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a: 21Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.
“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm 22Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 23Mwen te ba li tan pou repanti, e li 24pa vle repanti de imoralite li yo.
“Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki 25fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki 26sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.
“Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen 27bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen 28pa mete lòt fado sou nou. Sepandan 29kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.
“Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, 30a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton fè, 31tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan; epi Mwen va ba li 32zetwal maten an. 33
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.
Source notes (33)
- Cross-reference Rev 1:11
- Cross-reference I Jn 4:1
- Cross-reference Jn 15:21
- Cross-reference Jr 2:2
- Cross-reference Rev 2:16-22
- Cross-reference Eb 10:32
- Cross-reference Rev 2:15
- Cross-reference Jen 2:9
- Cross-reference És 44:6
- Cross-reference Rev 1:9
- Cross-reference Rev 2:13
- Cross-reference Rev 20:6,14
- Cross-reference Rev 1:16
- Cross-reference Trav 22:20
- Cross-reference Nonb 25:1
- Cross-reference Rev 2:6
- Cross-reference Rev 2:5
- Cross-reference Rev 1:16
- Cross-reference Rev 19:12
- Cross-reference Rev 1:14
- Cross-reference Rev 2:2
- Cross-reference I Wa 16:31
- Cross-reference II Pi 3:9
- Cross-reference Wo 2:5
- Cross-reference Rev 17:2
- Cross-reference Sòm 7:9
- Cross-reference Kol 2:10
- Cross-reference Trav 15:28
- Cross-reference Rev 3:11
- Cross-reference Sòm 2:8
- Cross-reference És 30:14
- Cross-reference I Jn 3:2
- Cross-reference Rev 2:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.