Bib Sen An
Sòm Yo 99
SENYÈ a renye! Kite pèp yo pran tranble.
Li 1 plase twòn Li an anwo cheriben yo.
Kite latè pran tranble!
SENYÈ a gran nan Sion.
Li 2 leve wo anwo tout pèp yo.
Kite yo louwe non Ou ki 3 gran e mèvèye;
Se sen ke Li ye.
Pwisans a Wa a 4 renmen lajistis.
Ou te etabli ekite.
Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.
Leve wo SENYÈ, Bondye nou an! 5
Adore nan machpye twòn Li an.
Se sen ke Li ye.
Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e
Samuel te pami sila ki te rele non Li yo.
Yo te 6rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
Li 7 te pale ak yo nan pilye nwaj la.
Yo te kenbe temwayaj Li yo,
avèk règleman ke Li te bay yo.
O SENYÈ, Bondye nou an, Ou te reponn yo.
Ou te pou yo yon Bondye ki padone,
men Ou te pran 8vanjans sou zak mechan yo.
Egzalte SENYÈ, Bondye nou an!
Adore nan mòn sen Li an,
paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!
Source notes (8)
- Cross-reference Egz 25:22
- Cross-reference Sòm 97:9
- Cross-reference Det 28:58
- Cross-reference Sòm 11:7
- Cross-reference Sòm 132:7
- Cross-reference Egz 15:25
- Cross-reference Egz 33:9
- Cross-reference Egz 32:28
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.