Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 100

Yon Sòm Remèsiman an

1

Rele fò a SENYÈ tout latè a! 2

Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!

Vini devan Li avèk chan lajwa.

Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.

Se Li menm ki te 3 fè nou, e se pou Li nou ye.

Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.

Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

e nan lakou Li yo avèk lwanj.

Ba Li remèsiman!

Beni non Li!

Paske Bondye bon.

Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, 4

e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

Source notes (4)
  1. Cross-reference Sòm 95:1
  2. Cross-reference Det 12:11-12
  3. Cross-reference Job 10:3-8
  4. Cross-reference Sòm 119:90

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.