Bib Sen An
Sòm Yo 101
Yon Sòm David
Mwen va 1 chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak 2entegrite nan kè m.
Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki 3 chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
Yon 4 kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak 5rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen 6 san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
Sila ki 7pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab 8koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 51:14
- Cross-reference I Wa 9:4
- Cross-reference Jos 23:6
- Cross-reference Pwov 11:20
- Cross-reference Sòm 10:4
- Cross-reference Sòm 119:1
- Cross-reference Sòm 43:1
- Cross-reference Sòm 118:10-12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.